|
English / Kreyòl
Mwen ap apran Kreyòl. Ban mwen aisstans yo. Voye korije a: creole@researchonline.net. Remèsye ou.
Ou kapab viv toujou.
Jezi tris:
Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t' vre, mwen pa ta di nou sa. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
Syèl pa si bèl kote.
Li gen pou l' cheche tout dlo nan je yo. p'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: Koulye a, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè. Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a. Se sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m'. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen.
Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm. Yo p'ap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun p'ap devalize peyi a ankò, ni moun p'ap kraze l'. M'ap sèvi nou ranpa, se mwen menm k'ap pwoteje nou. M'ap sèvi nou pòtay, n'a fè lwanj mwen. Moun va bati kay pou yo rete. Y'a plante jaden rezen pou yo manje rezen. Yo p'ap bati kay ankò pou se lòt moun ki pou rete ladan yo. Yo p'ap plante jaden ankò pou se lòt moun ki pou manje l'. Pèp mwen an ap viv rive gen menm laj ak pyebwa. Pèp mwen chwazi a va jwi travay yo fè ak men yo kont kò yo.
Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.
Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.
Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.
Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.
Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.
Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a.
Kisa peche fè?
Kounye a nou konnen kisa peche ye epi nou konnen pouki nou fè peche. Annou konsidere you lòt kesyon: Kisa peche fè? Peche separe nou ak Bondye.
Se te peche ki vin art Bondye e premye moun, Adan. Se peche ki vin ant nou e Bondye.
Bondye renman nou men li rayi peche nou you paske you separe nou ak Bondye. Sa yo ki mouri ak peche you pa padonned va separe ak Bondye nan you plas terib Bib la rele lantè.
Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an (Jezi), Seyè a fè l' tonbe sou li.
Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Kimoun ki kapab sove nou anba peche nou yo?
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove. Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.
Senp!
Mewn genwen peche.
Bondye se yon, Bondye ak amou.
Kris la mouri pou nou.
Krè mewn.
Y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Adrès nou.
Eastern Digital Resources, 5705 Sullivan Point Drive, Powder Springs, GA, 30127 USA. EMAIL BibleStudy@researchonline.net
Bib la:
Jan 14: 1-3
Revelasyon 21: 4-7
Ezayi 32:18
Ezayi 59:2
Women 3:23
Ezayi 53:6
Ebre 9:27
Women 6:23
2 Korent 5:10
Women 5:8
Jan 3:16
Women 10: 9-11
2 Korent 5:17
|