Te genyen yon mesye ki te konnen vole nan yon gwo balon. Yon jou balon an pete. Mesye a soti tonbe byen wo; li fè timoso atè a. Men avan sa rive, li te fè sèl pitit gason li desann nan yon parachit. Ti nèg la te gen chans. Ti gason an pat gen lòt fanmi. Men papa l te montre l kouman pou li monte balon, fè balon. Men yon sèl pwoblèm, li pat genyen yon balon, ni lajan pou li te achete youn.
Kisa li t ap pral fè kounye a? Sa li fè, li kòmanse ap fè cho maji, fè bagay disparèt ak men li, pale san li pa bat bouch li; sa yo rele vantrilòk la. Kòm li te yon jèn gason byen kanpe, fi te kòmanse ap gade l ak je dou - sitou li te pouse yon moustach epi li te toujou byen abiye. Yo te pran li pou yon gran nèg. Anpil nan medam yo te tonbe pou li; youn ladan yo te deside marye ak misye. Yo vwayaje toupatou. Misye te kòmanse rele tèt li pwofesè; li pat vle pèsonn rele li aryen ankò sinon pwofesè.
Men sa li te toujou vle, se pou li achete yon balon epi vole ak madanm li - lajan potko ka vini.
"L ap vini!" li di.
"Si se te vre!" madanm li di.
"Nou jèn toujou! Kounye a mwen se yon pwofesè! Mwatye yon pen pibon pase aryen ditou."
Madanm misye se te yon bon ti madanm. Li te konnen chita deyò nan fredi pou li vann tikè pou cho yo. Li menm te konn ede misye nan cho yo tou. Misye te konn mete madanm li nan yon tiwa sou yon gwo tab. Madanm li te konn file kò l nan yon lòt tiwa padèye sa ki devan an. Moun pat ka wè l. Men yon swa, misye rale tiwa a madanm nan pat ladan l. Li pat nan tiwa devan an, ni nonpli li pat nan tiwa deyè a, ni nan tout sal teyat la. Madanm lan te disparèt. Li pat janm retounen; li te fatige ak lavi l tap mennen ak misye a. Misye li menm te kòmanse malad. Cho yo pat komik ankò. Pesonn pat ale nan cho yo ankò. Misye pat gen lajan ankò pou l achete bèl rad. Misye te pèdi tout sa l te genyen. Misye te vinn pòv. Yon sèl bagay ki te rete, se te yon pinèz madanm li te bali. Misye te renmen pinèz la anpil. Li te montre pinèz la bagay li te konn fè nan cho yo. Li montre pinèz la kouman pou li tire epe, tire kanon - yon ti kanon.
Pwofesè a te fyè de pinèz la epi pinèz la limenm te fyè de tèt li tou paske li te aprann anpil bagay, li te genyen san moun nan venn li, li te vizite pi gwo vil ki genyen yo epi tou prens ak prensès te renmen l. Li te panse li te yon selebrite epi li te ka pran swen pwofesè a, avrèdi tout yon fanmi.
Menmsi li te fyè epi selèb, lè pinèz la t ap vwayaje ak pwofesè a nan tren, se te nan twazyèm klas yo te konn vwayaje. Yo di premye ak twazyèm klas ale ak menm vitès. Yo te deside yo pa t ap janm separe ni marye; pinèz la t ap rete selibatè epi pwofesè a t ap rete vèf.
"Kote w jwen plis siksè, ou pa ale la de fwa!" pwofesè a di. Pwofesè a te konn etidye moun. Li te di ou ka aprann anpil bagay si w etidye moun.
Alafen, yo te vwayaje nan tout peyi eksepte peyi moun sovaj yo. Yo te deside ale nan peyi moun sovaj yo. Yo te tande yo di nan peyi sila, yo konn manje kretyen vivan; men pwofesè a pat yon bon kretyen epi pinèz la pat yon moun vre. Kidonk, li te panse yo pat ap genyen okenn pwoblèm pou yo ale la.
Yo te vwayaje nan yon bato ak vwal. Yo te vwayaje nan bato ak motè. Sou wout la pinèz la te bay yon cho. Yo pat fè yo peye pou vwayaj la. Finalman, yo rive nan peyi moun sovaj yo.
Peyi a te genyen yon ti prensès ki gen uit an alatèt li, men li te rèd. Li te pran wayòm lan nan men papa l ak manman l paske li te pran yo nan plan. Li te anba chal men ou ta di se yon ti zanj.
Pinèz la pat ko fini tire epe ak tire ti kanon an prensès la te tonbe pou li. Prensès la di se swa li marye ak pinèz oswa li pap marye ak pèsonn! Prensès la te fou ak lanmou - fou, se mo a menm.
"Pitit mwen cheri!" papa l di. "Si sèlman nou te kapab fè l tounen yon moun anvan sa."
"Pa okipe w de sa, vye granmoun!" prensès la di. Sa pat yon bèl fason pou prensès la te pale ak papa l - men ou konnen tifi a te fòl, sovaj.
Li mete pinèz la nan pla men l.
"Kounye a ou se yon moun epi w ap gouvène ansanm ak mwen. Men ou dwe fè sa mwen di w sansa m ap touye w epi m ap manje pwofesè a."
Yo bay pwofesè a yon gwo chanm pou li rete. Mi nan chanm lan te fèt ak sik. Li te ka niche l si li te vle. Men l pat renmen bagay sikre pasesa. Pou kabann yo te bali yon kad. Li te santi l tankou li te nan yon balon; bagay li te toujou ap chèche a.
Pinèz la te rete ak prensès la. Li te konn chita nan pla men li, pafwa tou sou kou delika prensès la. Pwofesè a te pran yon branch cheve prensès la li te mare l nan pye pinèz la. Prensès la limenm te mare branch cheve a nan zanno poslèn nan zorèy li.
Ala yon bon moman n ap pase ansanm, prensès la te panse. Men pwofesè pat twò kontan paske li te renmen vwayaje de vil an vil, li nan jounal kouman ak pasyans li te ede yon pinèz tounen moun. Jou aprè jou, li kouche sou kad li a. Li manje byen. Yo bali ze zwazo, je elefan epi giraf fri; ou konnen kanibal pa manje moun tout tan - se yon pla pou etranje. Zepòl yon ti bebe ak yon sòs pike se sa ki bon, manman prensès la te konn di.
Pwofesè a te kòmanse anuiye. Li te vle kite peyi moun kanibal sa yo; men li pat vle kite pinèz la dèyè paske se ak pinèz la li fè lajan l. Kouman li pral pran pinèz la nan men prensès la? Sa pap fasil.
Tèt li fè l mal tèlman l ap panse kouman pou li fè. Finalman li di: "Mwen konnen kisa mwen pral fè!"
"Papa prensès la," li di, "ak respè kite mwen montre w yon bagay! Pèmèt mwen anseye pèp peyi w lan kouman yo dwe prezante yo an piblik - sa gwo peyi yo rele bon ledikasyon!"
"Kisa w kapab anseye m?" papa prensès la mande.
"Sa mwen konnen pi byen an," pwofesè a di. "Tire yon kanon k ap fè tout la tè tranble; tout zwazo byen gou k ap vole yo pral tonbe atè a byen griye. Sa w ap tande sèlman se yon gwo beng!"
"Pote kanon an!" papa prensès la di.
Men nan tout peyi a pat genyen yon kanon eksepte sa pinèz la te pote a, men li te piti.
"Mwen pral fè yon pi gwo!" pwofesè a di. "Sèlman ban m mwayenpou sa! Mwen bezwen twal swa, yon zegui ak fil, kòd epi pou yon balon gout maladi ki fè van ak limyè monte pou bay rapò nan vant kanon an."
Pwofesè a te jwen tout sa li te mande yo.
Tout peyi a te vin wè gwo kanon an. Pwofesè a te rele yo lè li te fini pare balon an pou l ale. Pinèz la te chita nan pla men prensès epi l ap gade. Balon an te gonfle epi yo pat ka kenbe l ankò.
"Mwen bezwen ale nan syèl pou m fè li frèt," pwofesè a di. Li monte nan balon an. "Mwen pap kapab navige poukont mwen; mwen bezwen yon moun kapab pou ede m. Pa genyen yon moun ki kapab eksepte pinèz la!"
"Mwen pa renmen bagay sila!" prensès la di; men li bay pwofesè a pinèz
la. Pwofesè a mete pinèz la nan pla men l.
"Lage kòd yo!" pwofesè a di. Balon an ap monte.
Yo te panse li di kanon an ap monte!
Konsa balon an monte, monte, monte byen wo, sou tèt nwaj yo - lwen peyi moun sovaj yo, kanibal yo.
Ti prensès la, papa l, manman l, tout pèp la rete y ap gade. Yo t ap tann. Yo toujou ap tann. Si w pa kwè m ale nan peyi moun sovaj yo kote tout timoun ap pale de pwofesè a ak pinèz la - y ap tann yo retounen lè kanon an fini frèt. Men ni pwofesè a ni pinèz la pap retounen paske yo lakay yo, nan peyi yo. Kounye a se nan tren premye klas yo vwayaje pa twazyèm klas. Yo fè anpil lajan ak balon an. Pèsonn pa mande yo kibò oswa kouman yo fè genyen balon an. Tout moun respeke pwofesè a ak pinèz la paske yo gen anpil lajan.
Creole translation by Allendy Doxy allendy@letspeak.com
www.letspeak.com