HOME

Learn to Speak Creole
Aprann Pale Angle


Shall I compare thee to a Summer's day?
by William Shakespeare

English::
    Shall I compare thee to a summer's day?
    Thou art more lovely and more temperate:
    Rough winds do shake the darling buds of May,
    And summer's lease hath all too short a date:
    Sometime too hot the eye of heaven shines,
    And often is his gold complexion dimm'd;
    And every fair from fair sometime declines,
    By chance or nature's changing course untrimm'd;
    But thy eternal summer shall not fade
    Nor lose possession of that fair thou owest;
    Nor shall Death brag thou wander'st in his shade,
    When in eternal lines to time thou growest:
    So long as men can breathe or eyes can see,
    So long lives this and this gives life to thee.

Kreyòl::

    A Kisa M ta Konpare W?
    Èske w tankou yon jou cho lete?
    Men ou se yon pi bèl chouchou epi ou pi dou.
    Gwo van ka souke ti boujon nan mwa me;
    Bon van fre lete vante byen vit tou.
    Se kòmsi je syèl la kale tou wouj, tou gran,
    Epi pafwa koulè lò l la fennen.
    Epi bèl jou yo pa rete pou lontan;
    Lànati chanje vap lelandemen.
    Men chalè etènèl lete paw pap prale
    Ni ou pap janm pèdi bèlte ou genyen.
    Ni tou nan lonbray lanmò ou pap janm tonbe.
    Lè w ap grandi nan etènèl chimen,
    Osilotan lèzòm ka respire, je ka wè,
    Se pou sa m di viv, epi fè w wè lavi klè.

Creole translation by Allendy Doxy allendy@letspeak.com
www.letspeak.com